Add parallel Print Page Options

Anlè Kòf la, te gen imaj zanj ak zèl yo rele cheriben ki te sèvi kòm senbòl glwa Bondye. Zèl cheriben yo te sou tout kouvèti Kòf Pwomès la.[a] Men nou pa ka di tout bagay sou sa kounye a.

Tout bagay nan tant lan te fin byen pare konsa, prèt yo te antre nan premye chanm tant lan pou yo fè travay yo chak jou. Men se sèlman granprèt yo ki te ka antre nan dezyèm chanm nan yon sèl fwa nan yon ane. E li pa t janm ka antre san l pa t gen san bèt nan men l. Se san sa a li te ofri bay Bondye pou peche pa l ak pou peche pèp la te komèt san yo pa konnen.

Read full chapter

Footnotes

  1. 9:5 kouvèti Kòf Pwomès la Yo rele kouvèti a “plas konpasyon an” oubyen “syèj konpasyon an.” Se nan plas sa a granprèt la te konn mete san bèt yon fwa pa ane pou regle pwoblèm peche pèp la ak Bondye.