Add parallel Print Page Options

Se pou Bondye Papa a ak Senyè Jezikris ban nou gras ak kè poze.

Benediksyon espirityèl nan Bondye

Louwanj pou Bondye ansanm ak Papa Jezikris, Senyè nou an. Nan Jezikris, Bondye ban nou tout kalite benediksyon espirityèl anwo nan syèl la. Nan Jezikris, Bondye chwazi nou anvan menm li te kreye lemonn. Li chwazi nou nan amou li, pou n vin yon pèp sen pou li, san fot devan je l.

Read full chapter