Add parallel Print Page Options

Benediksyon espirityèl nan Bondye

Louwanj pou Bondye ansanm ak Papa Jezikris, Senyè nou an. Nan Jezikris, Bondye ban nou tout kalite benediksyon espirityèl anwo nan syèl la. Nan Jezikris, Bondye chwazi nou anvan menm li te kreye lemonn. Li chwazi nou nan amou li, pou n vin yon pèp sen pou li, san fot devan je l. Se sa k fè, depi byen lontan, li deside l ap adopte nou kòm pitit li pa mwayen Jezikris. Li fè sa pou bon plezi pa l.

Read full chapter