Font Size
Efezyen 2:12-14
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Efezyen 2:12-14
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
12 Sonje byen. Nan tan pase, nou t ap viv san Kris. Nou te tankou etranje ki pa t gen menm dwa ak sitwayen nan pèp Izrayèl la epi tou nou pa t moun ki te gen anyen pou wè ak alyans Bondye te fè ak pèp Izrayèl la, dapre pwomès li te fè yo. Nou pa t gen okenn espwa epi nou pa t konnen Bondye non plis. 13 Wi, te gen yon lè, nou te lwen Bondye, men kounye a, nan Jezikris, Bondye rale nou vini pre li. Bondye fè sa, grenmesi san Jezikris ki te koule a, lè l te mouri pou nou sou kwa a.
14 Se pa mwayen Kris nou fè lapè youn ak lòt, lè l fè moun ki pa Jwif yo ansanm ak Jwif yo fè yon sèl pèp. Se avèk pwòp kò l Kris la kraze baryè rayisman sa a ki te separe Jwif yo ak moun ki pa Jwif yo.
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International