Add parallel Print Page Options

19 Se sa k fè, nou menm ki pa Jwif, nou pa etranje ni moun vini ankò. Men, nou se sitwayen ansanm ak pèp ki apa pou Bondye a. Nou fè pati fanmi Bondye a. 20 Nou menm ki kwè, nou tankou yon kay Bondye posede. Kay sa a te bati sou fondasyon apot yo ak pwofèt yo te prepare. Jezikris li menm li se wòch ki pi enpòtan[a] nan kay la. 21 Tout kay la kanpe ansanm nan Kris la, epi se Kris la ki fè l grandi pou l tounen yon gwo kay ki apa nan Senyè a.

Read full chapter

Footnotes

  1. 2:20 wòch ki pi enpòtan Literalman, “wòch kwen”.