Add parallel Print Page Options

Wi, se vre, lontan lavi nou te plen ak peche. Nou t ap viv jan lemonn viv. Nou t ap fè volonte lespri k ap dirije pouvwa mechan yo[a] ki nan lè a. Se li menm k ap travay nan lavi moun k ap dezobeyi Bondye yo. Nou menm tou, te gen yon lè nou t ap viv konsa tou; nou t ap fè pwòp tèt nou plezi. Nou te fè tout sa lespri nou ak kò nou te dezire. Konsa, menm jan ak tout lòt moun nan mond lan, nou te merite pou n sibi kòlè Bondye.

Men, Bondye gen anpil mizerikòd epi li renmen nou anpil.

Read full chapter

Footnotes

  1. 2:2 lespri k ap dirije pouvwa mechan yo Gade Satan nan Lis Mo yo.