Font Size
Efezyen 2:3-5
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Efezyen 2:3-5
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
3 Nou menm tou, te gen yon lè nou t ap viv konsa tou; nou t ap fè pwòp tèt nou plezi. Nou te fè tout sa lespri nou ak kò nou te dezire. Konsa, menm jan ak tout lòt moun nan mond lan, nou te merite pou n sibi kòlè Bondye.
4 Men, Bondye gen anpil mizerikòd epi li renmen nou anpil. 5 Nou te mouri espirityèlman poutèt tout sa nou te fè ki mal kont Bondye. Men, Bondye ban nou lavi ansanm ak Kris la. Se grenmesi gras Bondye ki fè nou sove.
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International