Font Size
Efezyen 3:17-19
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Efezyen 3:17-19
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
17 Mwen mande l tou, pou Jezikris abite nan kè nou poutèt lafwa nou. Mwen priye tou pou nou pouse rasin, pou nou kanpe djanm nan renmen. 18 M ap priye pou Bondye fè ni nou menm, ni tout lòt moun yo ki nan pèp Bondye a rive konprann lajè, longè, wotè, ak pwofondè lanmou Kris la. 19 Se vre, pèsonn p ap ka rive konnen grandè lanmou Kris la nètale. Malgre sa, m priye pou nou rive konnen lanmou sa a pou nou ka vin ranpli ak tou richès ki nan Bondye.
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International