Add parallel Print Page Options

Epi si nou li sa m te ekri tou brèf anvan yo, n ap wè mwen konprann verite sekrè ki konsènen Kris la vre. Moun ki te viv nan tout jenerasyon pase yo pa t konnen verite sa a. Men, kounye a, pa mwayen Sentespri a, Bondye fè apot li yo ak pwofèt li yo konnen verite ki te sekrè a. Men verite ki te sekrè a: Lè moun ki pa Jwif yo aksepte Levanjil la, yo vin pataje menm benediksyon Bondye genyen pou moun ki Jwif tou. Yo fè pati menm kò a, epi yo patisipe tou nan pwomès Bondye te fè pa mwayen Jezikris la.

Read full chapter