Font Size
Efezyen 4:29-31
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Efezyen 4:29-31
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
29 Lè n ap pale, piga nou janm di anyen pou fè moun mal, okontrè, se pou nou di bon bagay k ap ede moun grandi, pawòl ki vrèman beni nanm moun k ap tande nou yo. 30 Epi tou, pa fè Sentespri Bondye a tris. Bondye ban nou Sentespri li tankou yon prèv se pou li nou ye vre epi tankou prèv tou l ap kenbe nou an sekirite jouktan jou delivrans lan rive. 31 Retire tout move bagay sa yo nan lavi w: pa rete fache nan kè w ak moun ki fè w sa ki mal. Retire kòlè nan lavi w. Piga nou nan plede joure ni nan fè eskandal. Piga nou nan fè mechanste youn anvè lòt non plis.
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International