Add parallel Print Page Options

30 Epi tou, pa fè Sentespri Bondye a tris. Bondye ban nou Sentespri li tankou yon prèv se pou li nou ye vre epi tankou prèv tou l ap kenbe nou an sekirite jouktan jou delivrans lan rive. 31 Retire tout move bagay sa yo nan lavi w: pa rete fache nan kè w ak moun ki fè w sa ki mal. Retire kòlè nan lavi w. Piga nou nan plede joure ni nan fè eskandal. Piga nou nan fè mechanste youn anvè lòt non plis. 32 Okontrè se pou nou bon youn anvè lòt, pou nou gen konpasyon youn pou lòt. Se pou nou padone youn lòt, menm jan Bondye padone nou nan Kris.

Read full chapter