Font Size
Efezyen 6:21-23
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Efezyen 6:21-23
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Dènye salitasyon
21 M ap voye Tichik ban nou, frè byeneme nou Kris la, ki fidèl nan sèvis pou Senyè a. L a di nou tout sa k konsène m pou nou ka konnen tou kijan m ap debouye m. 22 M ap voye l ban nou espre pou nou ka konnen nouvèl mwen epi pou l ka ankouraje nou.
23 M ap priye Bondye Papa a ansanm ak Senyè Jezikris pou bay tout frè ak sè nou yo lapè, lanmou ak lafwa.
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International