Add parallel Print Page Options

12 Men lèt Atagzèsès, gran wa a, te ekri bay Esdras, nonm save ki fò nan lalwa Bondye ki nan syèl la! -Koulye a,

13 mwen bay lòd nan tout peyi m'ap gouvènen yo pou tout moun nan pèp Izrayèl la, nan prèt yo osinon nan moun Levi yo, ki vle ale avè ou lavil Jerizalèm, pou yo kite yo ale.

14 Se mwen menm, wa a, ansanm ak sèt konseye m' yo ki voye ou al fè enspeksyon nan peyi Jida a ak nan lavil Jerizalèm pou ou wè ki jan moun yo ap swiv liv lalwa Bondye ki nan men ou lan.

15 W'a pran avè ou ajan ak lò wa a ansanm ak konseye l' yo te fè lide bay pou Bondye pèp Izrayèl la, ki gen tanp li lavil Jerizalèm.

16 W'a pote tou tout ajan ak lò y'a ba ou nan tout pwovens Babilòn lan ansanm ak ofrann pèp la ak prèt yo te fè lide voye paske yo vle fè l' pou kay Bondye a nan lavil Jerizalèm.

17 Konsa, avèk tout ajan sa a w'a achte towo bèf, belye mouton, jenn ti mouton ansanm ak grenn jaden, grenn danre, diven ak lwil ki pou mache ak yo. Epi w'a ofri yo sou lotèl la nan tanp Bondye ou la ki lavil Jerizalèm.

18 Avèk ajan ak lò ki va rete a, ou menm ak frè ou yo, n'a fè sa nou vle avè l', depi sa nou fè a dakò ak volonte Bondye nou an.

19 W'a pran tout veso yo te renmèt ou nan men pou sèvi nan tanp Bondye ou la, w'a mete yo nan tanp lan lavil Jerizalèm, devan lotèl Bondye ou la.

20 Si gen lòt bagay ou bezwen ankò pou tanp Bondye ou la, ou mèt pran nan kès wa a pou achte yo.

Read full chapter