Font Size
Filipyen 1:27-29
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Filipyen 1:27-29
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
27 Men, kèlkeswa sitiyasyon an, se pou n viv yon fason ki konfòm ak Levanjil Jezikri a. Konsa, kit mwen retounen wè nou, kit mwen pa vini, mwen ta renmen tande bon temwanyaj sou nou, epi m ap konnen n ap mennen yon konba ansanm pou lafwa nou jwenn nan Levanjil la. 28 Nou p ap pè sa yo ki kont nou. Kouray nou sèvi kòm prèv. Moun ki kont nou yo se moun pèdi yo ye, men nou menm, nou se moun sove. Se Bondye menm k ap fè sa. 29 Se yon benediksyon Bondye ban nou, non sèlman pou nou sèvi Kris la, men pou nou soufri pou li tou.
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International