Add parallel Print Page Options

Poutan sa ki te yon avantaj pou mwen lontan, jodi a mwen konsidere yo tankou bagay ki san valè poutèt Kris. Anplis pa gen anyen ki gen valè pou mwen lè m pran konpare yo ak enpòtans relasyon mwen genyen ak Jezi Senyè a. Mwen mete tout bagay sou kote epi mwen konsidere yo tankou fatra pou m ka genyen Kris. Mwen vle pou Kris nèt. Se Kris ki fè mwen dwat devan Bondye, men sa pa soti nan obeyisans ak sa lalwa mande, men nan fidelite Kris.[a] Mwen vin yon moun ki dwat devan Bondye pa mwayen lafwa mwen nan Kris la.

Read full chapter

Footnotes

  1. 3:9 fidelite Kris Oubyen “lafwa mwen nan Kris”.