Add parallel Print Page Options

12 Paske se pa moun ki te ban mwen l, ni se pa moun ki te anseye m li. Se Jezikris ki te fè m konnen Levanjil sa a.

13 Se vre, nou tande kijan m te konn aji, lè m t ap viv dapre tradisyon Juif yo. Nou konnen m te konn pèsekite legliz Bondye a san gad dèyè, epi m t ap chache detwi l. 14 Nan sa k konsène tradisyon Juif yo, mwen te pi fanatik pase tout lòt Juif ki te gen menm laj avè m. Mwen te pi devwe pase yo tout nan asire tout moun swiv tradisyon zansèt nou yo.

Read full chapter