Font Size
Galat 1:13-15
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Galat 1:13-15
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
13 Se vre, nou tande kijan m te konn aji, lè m t ap viv dapre tradisyon Juif yo. Nou konnen m te konn pèsekite legliz Bondye a san gad dèyè, epi m t ap chache detwi l. 14 Nan sa k konsène tradisyon Juif yo, mwen te pi fanatik pase tout lòt Juif ki te gen menm laj avè m. Mwen te pi devwe pase yo tout nan asire tout moun swiv tradisyon zansèt nou yo.
15 Men, li te nan plan Bondye pou l te mete m apa pou li depi nan vant manman m,[a] epi li te rele m nan gras li.
Read full chapterFootnotes
- 1:15 Gade nan Eza 49:1; Jer 1:5.
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International