Add parallel Print Page Options

Pòl montre Pyè te antò

11 Lè Pyè te vin nan Antyòch, mwen te montre l mwen pa t dakò avè l, paske li te fè yon bagay ki pa bon. 12 Men sa k te pase: Anvan kèk moun ki soti kote Jak nan legliz Jerizalèm nan te rive nan Antyòch, Pyè te toujou konn manje ak moun ki pa Juif yo nan legliz Antyòch la. Men, lè Juif ki soti bò kote Jak yo rive, li demake tèt li, li fè kòmsi li pa t konn manje ak moun ki pa Juif yo, li sispann manje ak yo. Li te fè sa poutèt li te pè Juif yo ta nan gwoup ki te di moun ki pa Juif yo dwe sikonsi tou. 13 Lòt Juif ki nan legliz Antyòch yo te mete yo ansanm ak Pyè nan menm aksyon ipokrit sa a tou. Menm Banabas te swiv yo nan ipokrizi a tou.

Read full chapter