Font Size
Galat 3:12-14
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Galat 3:12-14
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
12 Lavi ki baze sou lalwa a pa menm ditou ak sa k baze sou lafwa a. Bib la di pito: “Sèl fason yon moun ka gen lavi pa mwayen lalwa, se nan obeyi tout sa lalwa mande.”[a] 13 Lalwa deklare nou anba malediksyon poutèt nou pa toujou obeyi l. Men Kris retire malediksyon sa a. Li chanje plas ak nou epi li mete pwòp tèt pa l anba malediksyon sa a. Bib la di: “Nenpòt moun yo pann sou yon bwa,[b] moun sa a anba malediksyon”.[c] 14 Poutèt Kris libere nou, moun ki pa Juif yo ka patisipe nan benediksyon Bondye te pwomèt Abraram nan. Lè nou mete konfyans nou nan Jezikris, n ap resevwa Sentespri a, paske Bondye fidèl nan kenbe pwomès li.
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International