Add parallel Print Page Options

13 Lalwa deklare nou anba malediksyon poutèt nou pa toujou obeyi l. Men Kris retire malediksyon sa a. Li chanje plas ak nou epi li mete pwòp tèt pa l anba malediksyon sa a. Bib la di: “Nenpòt moun yo pann sou yon bwa,[a] moun sa a anba malediksyon”.[b] 14 Poutèt Kris libere nou, moun ki pa Juif yo ka patisipe nan benediksyon Bondye te pwomèt Abraram nan. Lè nou mete konfyans nou nan Jezikris, n ap resevwa Sentespri a, paske Bondye fidèl nan kenbe pwomès li.

Pwomès la vini anvan lalwa

15 Frè m ak sè m yo, m ap ban nou yon egzanp nan bagay k ap pase chak jou nan lavi. Depi yon moun fin fè yon testaman, epi testaman sa a ratifye, pèsonn pa ka ni anile l, ni ajoute bagay ladan l.

Read full chapter

Footnotes

  1. 3:13 pann sou yon bwa Det 21:22-23 di, lè yo touye yon moun poutèt li fè sa ki mal, yo te pann kò a sou yon bwa pou montre kijan se yon wont. Pòl vle di lakwa Jezi a se te menm bagay.
  2. 3:13 Sitasyon sa a soti nan Det 21:23.