Add parallel Print Page Options

16 Se menm jan an tou, Bondye te fè pwomès li yo pou Abraram ak pou desandan li a. Gade byen, li pa di “pou desandan l yo”. Si se te sa, li ta vle di plis pase yon sèl moun. Kòm l ap pale de yon sèl moun, li di: “ak pou desandan li a”, sa vle di Kris. 17 Men sa m vle di: Bondye te fè yon testaman, epi li te ratifye l. Katsantrantan apre sa, Bondye vin bay lalwa Moyiz la. Konsa, lalwa ki vin apre a, pa kapab anile testaman an pou pwomès la ta vin pa kenbe ankò.

18 Vrèman, si eritaj Bondye di l ap ban nou an se nan obsève lalwa n ap jwenn li, li pa yon pwomès ankò. Okontrè, Bondye te fè Abraram favè l dapre yon pwomès.

Read full chapter