Add parallel Print Page Options

18 Vrèman, si eritaj Bondye di l ap ban nou an se nan obsève lalwa n ap jwenn li, li pa yon pwomès ankò. Okontrè, Bondye te fè Abraram favè l dapre yon pwomès.

19 Alò, pou kisa Bondye te bay lalwa a? Bondye te ajoute l sou pwomès la pou nou te ka konnen lè nou peche. Lalwa te nesesè pou jouktan desandan Abraram nan te vini. Bondye te sèvi ak anj pou l bay Moyiz lalwa a, epi Moyiz te sèvi kòm medyatè pou bay pèp Bondye a lalwa a. 20 Men lè Bondye te bay pwomès la, pa gen medyatè, paske pa bezwen medyatè lè se yon sèl desandan ki genyen, Bondye se yon sèl, epi gen yon sèl desandan an.[a]

Read full chapter

Footnotes

  1. 3:20 Literalman, “Li pa medyatè yon sèl, epi Bondye se yon sèl.”