Add parallel Print Page Options

20 Men lè Bondye te bay pwomès la, pa gen medyatè, paske pa bezwen medyatè lè se yon sèl desandan ki genyen, Bondye se yon sèl, epi gen yon sèl desandan an.[a]

Bi Lalwa Moyiz la

21 Alò, èske sa vle di lalwa pa dakò ak pwomès Bondye te fè yo? Pa ditou! Paske, si lalwa Bondye te bay la te kapab bay moun lavi, se lalwa sa a ki t ap fè moun dwat devan Bondye. 22 Okontrè, Bib la mete tout sa ki egziste nan lemonn nan yon prizon anba kontwòl peche. Konsa, sèl fason pou moun resevwa pwomès la, se nan mete konfyans yo nan Jezikris,[b] li menm ki fidèl.

Read full chapter

Footnotes

  1. 3:20 Literalman, “Li pa medyatè yon sèl, epi Bondye se yon sèl.”
  2. 3:22 konfyans yo nan Jezikris Oubyen “fidelite Jezikris”.