Add parallel Print Page Options

22 Okontrè, Bib la mete tout sa ki egziste nan lemonn nan yon prizon anba kontwòl peche. Konsa, sèl fason pou moun resevwa pwomès la, se nan mete konfyans yo nan Jezikris,[a] li menm ki fidèl.

23 Anvan lafwa te vini, nou te plase anba siveyans lalwa, se kòmsi nou te prizonye jouktan Bondye te fè nou wè lafwa ki te gen pou vini an. 24 Konsa, lalwa te tankou yon gadò pou nou jouktan Kris vini pou Bondye te ka deklare nou dwat devan l dapre lafwa nou.

Read full chapter

Footnotes

  1. 3:22 konfyans yo nan Jezikris Oubyen “fidelite Jezikris”.