Font Size
Galat 6:1-3
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Galat 6:1-3
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Ede youn lòt
6 Frè m ak sè m yo, si nou kenbe yon moun ap fè yon move bagay, nou menm k ap mennen lavi nou dapre Sentespri a, se pou nou ede yon moun konsa retounen viv dwat devan Bondye. Men, se pou nou fè sa avèk dousè. Epi tou, pran prekosyon pou nou pa tonbe nan tantasyon tou. 2 Se pou youn ede lòt pote chay li. Se konsa n ap rive fè sa lalwa Kris la mande a. 3 Paske, si yon moun panse l se yon zafè epi li pa anyen, se twonpe l ap twonpe tèt li.
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International