Add parallel Print Page Options

10 Konsa, pandan nou jwenn okazyon an, se pou nou fè byen ak tout moun, sitou pou moun sa yo ki kwè menm jan avèk nou nan fanmi Bondye a.

Dènye rezime sa Pòl ekri nan lèt sa a

11 Kounye a m ap ekri nou ak pwòp men m. Gade gwosè lèt yo. 12 Moun sa yo k ap fòse nou pou n fè sikonsi nou an, se pou moun ka wè yo bon ki fè y ap fè sa. Yo pè pou yo pa pèsekite yo poutèt y ap swiv kwa[a] Kris la sèlman.

Read full chapter

Footnotes

  1. 6:12 kwa Pòl itilize kwa Kris la kòm yon imaj pou reprezante Levanjil la. Kris la mouri sou kwa a pou peye dèt peche lèzòm. Kwa a (lanmò Kris la) se sa Bondye itilize pou l sove moun. Gade vèsè 14 la tou.