Add parallel Print Page Options

Sa se yon egzanp pou nou jodi a. Li montre nou tout ofrann ak sakrifis prèt yo t ap ofri bay Bondye pa t ka pirifye konsyans moun ki t ap patisipe nan adorasyon an.

Read full chapter

Sakrifis Jezikri a sifi

10 Lalwa pa t ka ban nou yon imaj fidèl sou tout bon bagay Bondye te rezève pou nou, se sèlman yon imaj ki pa twò klè li te ban nou. Se sa k fè, malgre yo te kontinye ofri menm sakrifis ane apre ane, lalwa pa t ka mennen okenn moun nan nivo pèfeksyon. Si lalwa te ka mennen moun nan nivo pèfeksyon, sakrifis yo t ap gentan sispann byen lontan deja. Pèp la t ap gentan delivre anba tout peche yo, konsyans yo t ap gentan sispann fè yo santi yo koupab. Men sakrifis yo te sèvi tankou yon èd memwa pito pou fè yo sonje peche yo chak ane, paske li enposib pou san towo bèf ak kabrit delivre moun anba peche yo.

Read full chapter