Ebre 9:9
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
9 Sa se yon egzanp pou nou jodi a. Li montre nou tout ofrann ak sakrifis prèt yo t ap ofri bay Bondye pa t ka pirifye konsyans moun ki t ap patisipe nan adorasyon an.
Read full chapter
Ebre 10:1-4
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Sakrifis Jezikri a sifi
10 Lalwa pa t ka ban nou yon imaj fidèl sou tout bon bagay Bondye te rezève pou nou, se sèlman yon imaj ki pa twò klè li te ban nou. Se sa k fè, malgre yo te kontinye ofri menm sakrifis ane apre ane, lalwa pa t ka mennen okenn moun nan nivo pèfeksyon. 2 Si lalwa te ka mennen moun nan nivo pèfeksyon, sakrifis yo t ap gentan sispann byen lontan deja. Pèp la t ap gentan delivre anba tout peche yo, konsyans yo t ap gentan sispann fè yo santi yo koupab. 3 Men sakrifis yo te sèvi tankou yon èd memwa pito pou fè yo sonje peche yo chak ane, 4 paske li enposib pou san towo bèf ak kabrit delivre moun anba peche yo.
Read full chapterCopyright © 2017 by Bible League International