Add parallel Print Page Options

Lafwa ak bòn zèv

14 Frè ak sè m yo, si yon moun di li gen lafwa men li pa fè zèv, lafwa sa a pa vo anyen. Yon kalite lafwa konsa pa kapab sove pèsòn. 15 Ann sipoze yon frè oubyen yon sè ki vin kote w pa gen rad pou l mete oubyen manje pou l manje. 16 Epi ou di l konsa, “Bondye avè w! Mwen swete ou jwenn rad pou ou mete ak anpil manje pou ou manje,” men ou pa ba li bagay sa yo li bezwen. Si ou pa ede l, pawòl ou yo pa vo anyen.

Read full chapter