Add parallel Print Page Options

Gade bato yo! Yo gwo, epi se gwo van ki gen anpil fòs ki fè yo mache. Poutan, se avèk yon ti moso bwa yo dirije yo epi yo ale kote pilòt la vle. Lang nou se menm jan an. Se yon pati ki tou piti nan kò a. Poutan, li kapab fè lwanj kantite gwo bagay li lakoz.

Gade sa, yon ti dife tou piti kapab boule yon gwo rak bwa. Lang lan tou, se kòm yon ti dife, se ladan nou jwenn tout sa ki pa bon. Li se yon pati nan kò nou, epi se li ki sal tout kò nou nèt. Lang nou mete dife nan lavi nou, depi nou fèt jouk tan nou mouri. Dife sa a, se dife lanfè a ki nan lang lan.

Read full chapter