Add parallel Print Page Options

Se pa ou menm ki jij la

11 Frè m ak sè m yo, se pa pou nou youn ap pale lòt mal. Si ou ap kritike yon frè w oubyen yon sè w, oubyen si w ap jije yo, se kritike w ap kritike epi w ap jije lalwa. Lè se kritike w ap kritike lalwa, ou pa yon moun k ap obeyi lalwa. Ou vin tounen yon jij pou lalwa. 12 Se sèl Bondye ki bay lalwa epi se li sèl ki jij. Se Bondye sèl ki kapab delivre oubyen touye. Ou menm, kisa w ye, ou menm k ap jije pwochen w lan?

Kite Bondye planifye lavi w

13 Kounye a, fè atansyon, ou menm k ap di: “Jodi a oubyen demen, nou pral nan tèl ou tèl vil, n ap rete la en an. Nou pral fè kòmès, nou pral fè kòb.”

Read full chapter