Add parallel Print Page Options

Nou mande epi nou pa jwenn anyen. Se paske nou mal mande! Nou mande sèlman paske nou vle fè gaspiyaj nan pran plezi.

Nou pa fidèl ak Bondye! Nou ta dwe konnen sa, lè nou renmen bagay ki nan mond lan, otomatikman nou rayi Bondye. Konsa, tout moun ki vle zanmi ak mond sa a, li vin ènmi ak Bondye. Èske w panse Bib la pa di anyen? Li di: “Lespri Bondye fè abite nan nou an vle se pou li sèl pou nou ye.”[a]

Read full chapter

Footnotes

  1. 4:5 Lespri Bondye … pou nou ye Kèk lòt jan nou kapab tradui vèsè sa a: “Lanmou Bondye genyen pou lespri li fè rete nan nou an fò anpil.” Oubyen “Lespri natirèl li fè rete nan nou an plen ak plen ak lanvi pou sa lòt moun genyen.” Gade nan Egz 20:5.