Add parallel Print Page Options

Se pou n gen pasyans

Frè m ak sè m yo, se pou n gen pasyans, an n tann Senyè a vini. Ann fè menm jan ak kiltivatè a. Li tann bèl rekòt latè avèk pasyans, depi soti nan premye grenn lapli rive nan dènye grenn lapli.[a] Nou menm tou, an n pran pasyans! Ann pran kouraj, Senyè a pa lwen vini! Frè m ak sè m yo, an n sispann plenyen youn kont lòt. Si nou pa sispann, Bondye ap jije nou pou sa. Jij la gentan nan pòt la!

Read full chapter

Footnotes

  1. 5:7 premye grenn lapli … dènye grenn lapli “Premye grenn lapli” a tonbe nan lotòn, epi “dènye grenn lapli” a tonbe nan prentan.