Font Size
Jak 5:9-11
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Jak 5:9-11
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
9 Frè m ak sè m yo, an n sispann plenyen youn kont lòt. Si nou pa sispann, Bondye ap jije nou pou sa. Jij la gentan nan pòt la!
10 Frè m ak sè m yo, an n pran egzanp sou pwofèt yo ki t ap pale pou Senyè a. Yo te pase anpil soufrans avèk pasyans. 11 Gade non! Moun ki aksepte soufrans yo avèk pasyans, nou di se moun ki beni. Ou konn tande pale sous soufrans Jòb, yon nonm ki te gen anpil pasyans.[a] Nou konnen kijan Senyè a te beni l nan lafen an. Sa montre nou Senyè a plen mizerikòd ansanm ak konpasyon.
Read full chapterFootnotes
- 5:11 Jòb … pasyans Gade nan liv Jòb la, nan Ansyen Testaman an.
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International