Add parallel Print Page Options

21 Alò, yo mande l: “ki moun ou ye? Èske ou se Eli?”

Li reponn: “Non, mwen pa Eli.”

Yo mande l: “Èske ou se pwofèt[a] la?”

Li reponn: “Non.”

22 Lè sa a, yo di li: “Ki moun ou ye menm? Ban nou yon repons pou n bay moun ki te voye nou yo. Ki sa ou di de ou menm?”

23 Jan site pawòl pwofèt Ezayi sa yo ba yo:

Mwen se vwa yon moun k ap pale byen fò nan dezè a, k ap di:
    “prepare chemen Senyè a byen dwat.”[b]

Read full chapter

Footnotes

  1. 1:21 pwofèt Li pwobab se pwofèt Bondye te di Moyiz li t ap voye a. Gade nan Det 18:15-18.
  2. 1:23 Sitasyon sa a soti nan Eza 40:3.