Add parallel Print Page Options

38 Jezi vire gade, epi li wè de mesye yo ap swiv li. Li mande yo: “kisa nou vle?”

Yo reponn: “Mèt, ki kote ou rete?”

39 Jezi reponn yo: “Vini, nou va wè.” Se konsa de mesye sa yo te pati avèk Jezi. Yo te wè kote li rete, epi yo rete pase jounen an ak li. Se te bò katrè konsa.

40 Mesye sa yo te swiv Jezi apre yo fin tande sa Jan te di sou Jezi a. Andre, frè Simon Pyè a, te youn nan yo.

Read full chapter