Add parallel Print Page Options

44 Filip te moun yon ti vil ki rele Bètsayida, menm kote ak Andre ak Pyè. 45 Filip te rankontre Natanayèl, li di l: “Nou jwenn moun Moyiz te pale sou li nan Lalwa a. Pwofèt yo te pale sou li tou. Se Jezi, pitit Jozèf la, moun Nazarèt la.”

46 Men, Natanayèl di Filip konsa: “Nazarèt! Èske gen yon bon bagay ki ka soti Nazarèt?”

Filip reponn li: “Vini, ou va wè.”

Read full chapter