Add parallel Print Page Options

10 Vòlè a pa vin fè lòt bagay, se vòlè, se touye, se detwi. Men, mwen menm, mwen vini pou ba yo lavi, yon lavi pi plis pase sa w ta janm imajine.

11 Mwen se bon bèje a, epi bon bèje a bay lavi li pou mouton l yo. 12 Yon moun yo peye pou gade mouton yo, li pa yon vrè bèje. Poutèt li pa mèt mouton yo, lè li wè chyen mawon ap vini, li lage mouton yo epi li chape kò l. Chen mawon atake mouton yo epi yo tout gaye.

Read full chapter