Add parallel Print Page Options

23 Jezi t ap pwonmennen nan tanp lan, anba kote yo rele Galri Salomon an. 24 Lidè Jwif yo te antoure Jezi epi yo mande li: “Pou jis kilè ou ap kite nou nan dout sa a? Si se ou ki Kris la, di nou bagay la klè.”

25 Jezi reponn yo: “Mwen di nou sa deja, men nou pa kwè. Mirak sa yo m ap fè nan non Papa m, yo montre aklè ki moun mwen ye.

Read full chapter