Add parallel Print Page Options

27 Mouton m yo ap koute vwa m, mwen konnen yo epi yo swiv mwen. 28 Mwen ba yo lavi etènèl epi yo p ap janm peri. Pèsonn p ap ka wete yo nan menm. 29 Se Papa m ki ban mwen yo, epi li pi gran pase tout moun.[a] Okenn moun pa ka vòlè mouton m yo nan men Papa a.

Read full chapter

Footnotes

  1. 10:29 pi gran pase tout moun Literalman, “Sa Papa m ban mwen an pi gran pase tout.” Nou kapab tradui tou: “Pouvwa Papa m ban mwen an pi gran pase tout pouvwa.” Gen anpil diferans nan ansyen kopi grèk yo. Kèk lòt kopi pa twò ansyen yo di: “Papa m ki ban mwen yo, li pi gran pase tout moun.”