Add parallel Print Page Options

54 Poutèt sa, Jezi te sispann ale vini devan tout moun nan teritwa Jide a: Li t al rete toupre dezè a nan yon ti vil yo rele Efrayim. Se la l te rete ak disip li yo.

55 Fèt Pak Jwif yo te prèske rive. Nan moman fèt la, anpil moun soti nan tout peyi a vini Jerizalèm pou yo te kapab fè tout sa Lalwa te mande pou yo te pirifye yo pou fèt la. 56 Yo t ap chache Jezi, epi kote yo te ye nan tanp lan, yo youn t ap di lòt: “Sa nou panse, sanble li p ap janm vin nan fèt la?”

Read full chapter