Add parallel Print Page Options

14 Jezi jwenn yon jenn ti bourik, li monte sou li, jan Bib la te di a:

15 “Pa krenn anyen, moun lavil Siyon,[a]
men Wa ou la ap vini,
    li monte yon jenn ti bourik.”[b]

16 Nan moman sa a, disip yo pa t konprann sa k t ap pase a. Men lè Jezi te fin retounen al jwenn papa l, yo reyalize bagay sa yo te ekri sou li, epi se sa menm yo te fè pou li.

Read full chapter

Footnotes

  1. 12:15 Siyon Se yon lòt non pou Jerizalèm.
  2. 12:15 Sitasyon sa a soti nan Zak 9:9.