Add parallel Print Page Options

15 “Pa krenn anyen, moun lavil Siyon,[a]
men Wa ou la ap vini,
    li monte yon jenn ti bourik.”[b]

16 Nan moman sa a, disip yo pa t konprann sa k t ap pase a. Men lè Jezi te fin retounen al jwenn papa l, yo reyalize bagay sa yo te ekri sou li, epi se sa menm yo te fè pou li.

17 Foul moun ki te la yo, lè li te rele Laza soti nan tonm nan, lè li te resisite l la, yo tout t ap rann temwanyaj pou li.

Read full chapter

Footnotes

  1. 12:15 Siyon Se yon lòt non pou Jerizalèm.
  2. 12:15 Sitasyon sa a soti nan Zak 9:9.