Add parallel Print Page Options

19 Depi kounye a mwen di nou sa anvan l rive. Konsa, lè sa va rive, nou va kwè mwen se Mesi a vre.[a] 20 An verite, an verite, mwen di nou: moun ki resevwa moun mwen voye, se mwen li resevwa, men moun ki resevwa m, se moun ki voye m nan li resevwa.”

Jezi fè konnen kilès ki va leve kont li

(Mat 26:20-25; Mak 14:17-21; Lik 22:21-23)

21 Lè l fin pale konsa, li te santi l boulvèse anndan l, epi li di yo aklè: “An verite, an verite, mwen di nou: gen youn nan nou k ap trayi m.”

Read full chapter

Footnotes

  1. 13:19 mwen se Mesi a vre Literalman, “Mwen se li”. Ekspresyon sa a, se menm bagay ak non Bondye ki itilize nan Ansyen Testaman an. Gade nan Egz 3:14 epi tou Eza 41:4; 43:10. Li kapab vle di tou “se men menm ki,” sa vle di “Se mwen menm ki Mesi a.”