Add parallel Print Page Options

Poutèt Jezi konnen Papa l te remèt li tout bagay, se Bondye ki te voye l epi l ap retounen jwenn Bondye, li leve kote yo t ap manje a, li wete rad li epi li pran yon twal fè sèvyèt mare ren li. Apre sa, li vide dlo nan yon veso, li pran lave pye[a] disip li yo, epi siye yo ak twal li te mare ren l lan.

Read full chapter

Footnotes

  1. 13:5 lave pye Yon koutim nan sosyete a nan premye syèk la, paske moun yo te mete sandal nan pye yo nan tout kalte wout plen ak labou oubyen pousyè. Anvan yo te antre nan kay la, yon esklav te dwe lave pye yo. Se te yon bagay byen imilyan, se yon sèvitè oubyen yon esklav ki te konn fè sa. (Menm bagay nan vèsè 6-14.)