Add parallel Print Page Options

19 Yon ti kras tan ankò lemonn p ap wè m ankò, men nou menm n ap wè m. Nou va viv paske mwen menm mwen vivan. 20 Nan jou sa a, nou va konnen mwen nan Papa m, nou menm nou nan mwen epi mwen menm mwen nan nou. 21 Moun ki genyen kòmandman m yo epi ki fè sa m mande, se moun sa a ki renmen m. Moun ki renmen m, Papa m ap renmen l. Mwen menm m ap renmen l tou, epi m ap fè l konnen ki moun mwen ye.”

Read full chapter