Font Size
Jan 18:10-12
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Jan 18:10-12
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
10 Lè sa a, Simon Pyè te gen yon nepe, li rale l, li fè yon kou sou sèvitè Chèf prèt la, zòrèy dwat la koupe. Sèvitè sa a te rele Malkis. 11 Men, Jezi di Pyè: “Mete nepe a nan fouwo l tande! Èske m pa dwe pran mezi soufrans[a] Papa a ban mwen an?”
Yo mennen Jezi devan Àn
(Mat 26:57-58; Mak 14:53-54; Lik 22:54)
12 Ploton sòlda yo, kòmandan an ak gad tanp lan mete men sou Jezi, yo mare l byen mare.
Read full chapterFootnotes
- 18:11 pran mezi soufrans Literalman, “bwè nan gode”. Jezi itilize ekspresyon sa a pou di li aksepte mezi soufrans li t ap ale sibi nan yon ti kras tan ankò.
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International