Add parallel Print Page Options

17 Sèvant sa a ki t ap veye baryè a di Pyè konsa: “Èske ou menm tou ou pa youn nan disip nonm sa a?”

Pyè reponn: “Mwen pa disip nonm sa a.”

18 Tout sèvitè yo ansanm ak gad tanp lan te fè yon dife ak bwa, paske l te fè frèt, yo t ap chofe kò yo. Pyè te kanpe bò kote mesye yo ap chofe kò l tou.

Gran prèt la kesyonnen Jezi

(Mat 26:59-66; Mak 14:55-64; Lik 22:66-71)

19 Chèf prèt la kòmanse poze Jezi kesyon sou disip li yo epi sou sa li te konn anseye moun.

Read full chapter