Font Size
Jan 18:18-20
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Jan 18:18-20
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
18 Tout sèvitè yo ansanm ak gad tanp lan te fè yon dife ak bwa, paske l te fè frèt, yo t ap chofe kò yo. Pyè te kanpe bò kote mesye yo ap chofe kò l tou.
Gran prèt la kesyonnen Jezi
(Mat 26:59-66; Mak 14:55-64; Lik 22:66-71)
19 Chèf prèt la kòmanse poze Jezi kesyon sou disip li yo epi sou sa li te konn anseye moun. 20 Jezi reponn: “Mwen te pale an piblik ak lemonn, mwen toujou anseye nan Sinagòg yo epi nan tanp lan kote tout Jwif yo konn rasanble, mwen pa di anyen ankachèt.
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International