Font Size
Jan 18:28-30
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Jan 18:28-30
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Yo mennen Jezi bay Pilat
(Mat 27:1-2,11-31; Mak 15:1-20; Lik 23:1-25)
28 Lè sa a, yo mennen Jezi soti lakay Kayif ale nan katye jeneral gouvènè a. Li te fenk ap fè jou. Moun ki te mennen l yo pa t antre nan katye jeneral gouvènè a. Si yo te antre yo pa t ap pwòp[a] pou manje nan manje fèt Pak la. 29 Pilat soti vin jwenn yo deyò epi li di yo: “Ki sa nonm sa a fè ki mal?”
30 Yo reponn li: “Si nonm nan pa t fè sa ki mal, nou pa t ap arete l mennen ba ou.”
Read full chapterFootnotes
- 18:28 pa t ap pwòp Antre nan kote moun ki pa Jwif yo te ye, sa ta detwi pirifikasyon espesyal Jwif te konn fè pou yo te kapab pwòp ase pou adore Bondye. Gade nan Jan 11:55.
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International